AYITI/POLITIK:PATI POLITIK PLANSPA OPTE POU YON KONSANSIS ISTORIK KI ENKLI TOUT FÒS VIV PEYI A ANBA LIDÈCHIP SENA REPIBLIK LA

Pati politik platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen ( PLANSPA) plede pou yon konsansis istorik kap enkli tout fòs viv peyi a anba lidèchip sena repiblik la nan sousi pou konble vid prezidansyèl ki genyen apre lanmò Jovenel Moïse la._

« Asasina prezidan Jovenel Moïse la kreye yon vid nan egzektif la. Pòs prezidan repiblik la vakan sa ki eskplike ijans ki genyen pou fòme yon nouvo gouvènman pou dirije peyi a jiskaske yon prezidan prete sèman. Nan konjonkti difisil e konplike sa nou ye a, ayisyen yo dwe konsète pou yo jwenn yon solisyon », ekri nan yon nòt.

Pati PLANSPA, toujou daprè nòt la, patizan yon konsansis istorik kote tout fòs viv peyi a ap enkli anba lobedyans sena repiblik la.

Chwa « anba lobedyans sena repiblik la », daprè yon pòs ki fèt sou kont twitè pati PLANSPA, se paske sena se aktyèlman sèl eli pèp ayisyen an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …