AYIT/POLITIK: SENATÈ JOSEPH LAMBERT PA RIVE ENSTALE KÒM PREZIDAN PWOVIZWA.

Enstalasyon senatè Joseph Lambert, kòm prezidan pwovizwa pa rive fèt samdi dis (10) jiyè 2021 an, nan sena repiblik akoz absans plizyè nan kòlèg li yo.

Selon enfòmasyon yo, prezidan Sena Joseph Lambert, pa rive enstale kòm prezidan pwovizwa akoz plizyè nan kòlèg senatè li yo twouve yo nan depatman yo, ki oblije ranvwaye pou yon lòt dat pèson moun poko konnen.

Nou ap siyale, senatè Sidès la, Joseph Lambert gras ak yon akò divès pati politik chwazi li kòm prezidan pwovizwa pou ranplase prezidan Jovenl Moïse, ki te asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) nan aswè sis(6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …