AYITI/ASASINA : FOTO KADAV PREZIDAN REPIBLIK JOVENEL MOÏSE PRAN LARI.

Plizyè foto kadav prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ke kriminèl yo poko idantifye asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) aswè sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, kòmanse pibliye sou divès platfòm sou rezo sosyal yo aswè dis (10) jiyè 2021 an.

Seri foto sa yo, montre ansyen chèf Leta kouche sou do ak kèk kote li te resevwa katouch yo, nan lestomak li, ponyèt ak lòt kote ankò. Aprè foto kadav la, lòt foto ki montre eskanè ki fè analiz kò ansyen chèf Leta, montre plizyè kote frakti tankou nan tèt, nan ponyèt, lestomak ak nan vant li.

Foto sa yo ki fristre anpil moun, moutre kijan prezidan repiblik lan Jovenel Moïse soufri anpil anvan li mouri, sa ki mete anpil bouch louvri sou platfòm kote foto yo ap pibliye yo, moun yo mande jistis epi lanse anpil pawòl piman bouk kont kèk moun nan sektè prive a, nan sektè politik la e menm nan antouraj Jovenel Moïse ke yo akize nan krim sa.

Selon anpil moun foto yo moutre a klè ke Jovenel Moïse te livre pou kont li ak madanm li anba men kriminèl yo, ki te san pitye pou li.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …