AYITI/ARESTASYON: LAPOLIS NASYONAL DAYITI METE ANBA KÒD CHRISTIAN EMMANUEL SANON

Nan yon pwen pou laprès konsèy siperyè pouvwa jidisyè a ( CSPN) bay jounen dimanch 11 jiyè 2021 an, direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles fè konnen nan kad ankèt kap mennen sou asasina prezidan Jovenel Moïse la PNH la rive mete anba kòd Dr Christian Emmanuel Sanon._

Daprè Léon Charles, Dr Christian Emmanuel Sanon fèt Marigo an 1958 li gen 63 lane sou tèt li.

« Se yon endivi ki te rantre an Ayiti nan yon avyon prive, li te gen yon pakèt objektif politik »,deklarasyon Léon Charles.

Nimewo 1 polis nasyonal Dayiti a deklare lè Lapolis te fin bloke prezime asasen Jovenel Moïse aprè yo te fin fè krim nan, Christian Emmanuel Sanon se te premye moun youn nan asayan kolonbyen yo te rele.

« Nou jwenn yon kepi ki ekri DEA, nou jwenn sis etui pou fizi ak pistolè, nou jwenn kat plak imatrikilasyon repiblik dominikèn, 2 veyikil », se kèk bagay PNH la jwenn lakay Christian Emmanuel Sanon, daprè sa Léon Charles deklare.

Sepandan, premye minis la bò kote pa li fè konnen eta sante premye dam estab. Li fè konnen li te pale ak Martine Moïse nan telefòn.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …