AYITI/FINERAY: GEN YON DAT KI FIKSE POU CHANTE FINERAY JOUNALIS DIEGO CHARLES

Fineray Diego Charles ap chante madi 13 jiyè 2021 nan jeremi. Se Enock Arisma, direktè enfòmasyon sou radyo vizyon 2000 ki rann enfòmasyon an piblik ayè dimanch 11 jiyè a sou kont twitè li._

Depouy Diego Charles te transpòte dimanch 11 jiyè a nan jeremi, daprè sa Enock Arisma fè konnen. Fineray Diego Charles ap chante madi 13 jiyè 2021 nan chapèl mirakilez ki nan Jeremi.

Jounalis Diego Charles ak militan politik Marie Antoinette Duclaire se te 2 nan moun ki te asasinen nan lannuit 29 pou rive 30 jwen 2021 an.

Sepandan, pou sa ki gen pou wè ak Marie Antoinette Duclaire, jiskaprezan poko gen dat fineray ki rann piblik.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …