Lapolis Nasyonal Dayiti ap chache twa (3) moun nan kad ankèt nan asasina Jovenel Moïse la, pami yo ansyen senatè lwès Joseph John Joël._
Lapolis Nasyonal Dayiti ap chache Joseph John Joël, Badio Joseph Felix ak Jaar Rodolphe alyas Dodof.
Asasina, « vol à main armées » ak tantativ asasina se enfraksyon Lapolis Nasyonal Dayiti repwoche moun sa yo.
Depi apre asasina Jovenel Moïse la, gen yon pakèt moun Lapolis Nasyonal Dayiti gentan mete anba kòd yo pami yo Christian Emmanuel Sanon.