AYITI/ ASASINA: KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS KONDANE ZAK ASASINAY SOU ANSYEN PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOÏSE.

Nan yon nòt pou laprès, òganizasyon dwa moun kolektif defansè plis mete deyò kondane zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan aswè sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren senk (5) nan komin Petyonvil.

Òganis dwa moun lan, ki fè konnen depi twa (3) lane seri zak vyolans yo ap taye banda nan peyi a kote lavi moun banalize chak jou se kadav divès moun ki toujou ekspoze atè ,plizyè lòt zak vyolans ak moun ki mouri nan katye popilè yo.

Pou fini, Kolektif defansè plis, raple ak otorite yo nan peyi a diferan konvansyon sou dwa moun peyi a siyen ak ratifye. Òganis lan mande ak aktè politik yo pou fè yon deplasman ak kriz peyi a ap travèse.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …