AYITI/ KIDNAPIN: YON ANPLWAYE PÒTYÈN NASYONAL (APN) KIDNAPE NAN PÒTOPRENS.

Bandi ak gwo zam fann fwa kidnape nan aprè midi madi trèz (13) jiyè 2021 an, yon anplwaye otorite potyèn nasyonal (APN), pandan li t ap rann li nan travay li.

Kidnapè yo anlve Jacques Blémur, nan zòn Bisantnè selon esplikasyon kèk kòlèg li nan APN pòtoprens prezante viktim lan kòm yon bon anplwaye pou enstitisyon an epi menase pou kanpe travay si yo pa libere viktim lan.

Nou ap siyale, seri kidnapin sa yo ap fèt nan moman gouvènman te deklare eta syèj sou tout teritwa nasyonal la, nan lide pou reprann kontwòl sitiyasyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …