Peyi Pòtigal, anrejistre pou pi piti kat mil (4 000) ka kowonaviris pandan yon jounen daprè bilan otorite sanitè yo bay sou evolisyon maladi kowonaviris la.
Selon bilan ki prezante sou evolisyon maladi a nan peyi Pòtigal, pandan yon jounen yo anrejistre kat mil san senkant twa (4 153) ka maladi kowonaviris, mil nèf san vent uit (1 928) nan rejyon Lisbòn. Yon evolisyon yo pat janm anrejistre depi dis (10) fevriye 2021, daprè esplikasyon otorite yo.
Nou ap siyale, swasant pousan (60%) popilasyon Pòtigal deja resevwa yon premye dòz ak karant de pousan (42 %) resevwa konplètman vaksen yo. Fòk nou di, gen disèt mil san katreven de (17 182) moun mouri nan maladi kowonaviris la.
Dieuva Occidor
Kredi foto:Sipa