LAPOLIS NASYONAL DAYITI DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ CLAUDE JOSEPH ENPLIKE NAN ASASINA JOVENEL MOÏSE LA

Lapolis Nasyonal Dayiti demanti enfòmasyon jounal kolonbyen an te avanse ki te fè kwè premye minis Claude Joseph enplike nan asasina Jovenel Moïse la. Nan yon nòt pou laprès ki soti jounen jedi 15 jiyè a, Lapolis nasyonal Dayiti fè konnen, pa gen okenn lyen ant Claude Joseph ak endis epi enfòmasyon yo genyen nan kad ankèt yo ap mennen sou asasina prezidan Jovenel Moïse la._

« Lapolis Nasyonal Dayiti presize, kontrèman ak alegasyon medya kolonbyen an Noticias Caracol difize, endis epi enfòmasyon ki jwenn nan kad ankèt k ap mennen sou asasina Jovenel Moïse la pa gen okenn lyen ak premye minis aktyèl e tou, pa gen youn nan sispè yo ki fè yon deklarasyon nan sans sa nonplis », ekri nan nòt pou laprès la.

Lapolis Nasyonal Dayiti raple ankèt la toujou ap rapousuiv e li jwenn akonpayman teknik « FBI » ak yon pakèt lòt teknisyen etranje.

« Lapolis Nasyonal Dayiti pa apiye okenn manèv divèsyon e li renouvle angajman l pou l kontinye ak ankèt la jiskaske li rive nan bout li », konkli nòt pou laprès sila a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …