ASASINA JOVENEL MOÏSE : ANSYEN KÒMANDMAN USGPN  NAN DIMITRI HERALD AN IZOLMAN 

Enspeksyon jeneral polis nasyonal Dayiti nan kad ankèt kap mennen sou zak asasinay ki fèt sou Jovenel Moïse la, odisyone epi plase an izolman Dimitri Herald mèkredi 14 jiyè 2021 an._

Lapolis nasyonal Dayiti ap rapousuiv ak ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la. Ansyen kòmandman USGPN nan, Dimitri Herald an izolman .

Wo kòmandman polis nasyonal Dayiti te gentan retire Dimitri Herald nan tèt USGPN anvan yo te mete li an izolman an.

Nan kad ankèt kap mennen sou asasina prezidan Jovenel Moïse la, Lapolis nasyonal Dayiti ap chache John Joël Joseph, ansyen senatè depatman lwès.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …