LEMOND/MOVETAN: POU PI PITI SAN (100) MOUN MOURI INONDE NAN PEYI ALMAY.

Yon gwo inondasyon frape jedi kenz (15) jiyè 2021 an, Lwès peyi Almay lakoz san twa (103) moun mouri ak yon santèn lòt disparèt daprè bilan pwovizwa ki prezante maten vandredi sèz (16) jiyè 2021 an.

Daprè bilan pwovizwa otorite yo, move tan sa touche ak fòs  » Rhénanie Nord-Westphalie » ki nan Lwès se rejyon ki plis touche nan inondasyon yo.

Chanselyè Almay la Angela Merkel, deklare li tris anpil lèl gade tout dlo sa ki anvayi zòn Lwès peyi Almay, alòske jiska jedi swa otorite yo pat ko gen nouvèl mil twa san (1300) moun nan zòn  » Bad Neuenahr-Ahrweiler », ki parèt gen plis dega nan inondasyon sa.

Minis enteryè Almay la, Roger Lewentz, di gen anpil krentif lè ke sekouris yo ap dekouvri gen swasant (60) moun ki disparèt sa ki bay kè kase pou yo pa rive nan yon nivo katastwòf.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …