LIDÈ PATI POLITIK LAVALAS LAN JEAN  BERTRAND ARISTIDE RETOUNEN AN AYITI.

Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide retounen nan peyi a vandredi 16 jiyè 2021 aprè vizit medikal li sot fè nan peyi Kiba_ .

Lidè pati politik fanmi lavalas la retounen nan peyi a. Apre vizit medikal li sot fè nan peyi Kiba, Jean Bertrand Aristide rantre nan peyi a pandan l te gen madan m li ak Maryse Narcisse bò kote l nan ayopò a.

Pou kounya, okenn enfòmasyon poko disponib sou kijan eta sante ansyen prezidan an ye, men li sanble pote li mye kontrèman ak jan sa te ye anvan.

Nan moman li ta pral moute machin pou l kite ayopò a, doktè Jean Bertrand Aristide te voye men pou l salye kèk patizan ak senpatizan ki t ap bat bravo pou li.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …