RISI2018: KOLONMBI VS LAPOLÒY LAN FINI (3-0) ANFAVÈ KOLONMBYEN YO

Ekip kolonmbi an bat Lapolòy (3-0) nan Kazan Arena ak yon gòl pou Y. Mina nan 40′, epi Falcao nan 70′ ak J. Cuadrado nan 75′.

Lapolòy te kanpe an 3-4-3, epi Kolonmbi te Jwe an 4-2-3-1.

CHANJMAN LAPOLÒY :

1) K. Grosicki #11 ranplase D. Kownacki #23 nan 57′.
2) Łukasz Teodorczyk #14 rantre nan plas B. Bereszynski nan 72′.
3) K. Glik #15 ranplase M. Pazdan #2 nan 80′.

CHANJMAN KOLONMBI :

1) M. Uribe #15 ranplase A. Aguilar nan 32′.
2) J. Lerma #16 rantre nan plas J. Kintero nan 73′.
3) C. Bacca #7 raplase Falcao #9 nan 78′.

KATON JONN:

1) J. Bednarek #5 (Lapolòy) nan 61′.
2) J. Góralski (Lapolòy) nan 85′.

Lapolòy se premye Peyi Ewopeyen ki elimine nan Koup Dimond Risi 2018 lan.
Kolonmbi genyen 3 nan 5 dènye match li kont advèsè Ewopeyen nan Koup Dimond.
Sou 2 dènye Koup Dimond yo ( 2014, 2018) pagen ankenn jwè ki make plis gòl (6), oubyen ki bay plis pas desizif (4) ke jwè Kolonmbi yan James Rodiguez.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …