AYITI/POLITIK: KÒ GWOUP LA MANDE ARIEL HENRY POU KONTINYE DISKISYON YO POU FÒME YON GOUVÈNMAN.

_Nan yon kominike Kò Gwoup la mete deyò samdi maten 17 jiyè, yo ankouraje premye minis deziye a, Ariel Henry pou li kontinye chita pale ak lòt sektè pou kapab fòme yon gouvènman_ .

« Kò Gwoup la mande pou gen gouvènman konsansyèl e enklizif ki mete sou pye. Nan objektif sa, li ankouraje premye minis deziye a Ariel Henry pou li kontinye ak misyon yo te konfye li pou li mete sou pye yon gouvènman », ekri nan kominike a.

Kò Gwoup la swete ansanm aktè politik, ekonomik ak sosyete sivil ki nan peyi Dayiti bay kout men ak otorite yo nan jefò yo ap fè pou mete sekirite nan peyi a, notamman kote gwoup gang yo ap taye banda.

Demach sa, daprè Kò Gwoup ap pèmèt eleksyon lejislatif ak prezidansyèl òganize an tout onètete, transparans ak kredibilite nan peyi a nan yon tan ki pa twò long.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …