LEMOND/ MOVETAN: OTORITE ALMAY YO PREZANTE BILAN INONDASYON KI TE FRAPE PEYI A.

Otorite peyi Almay yo prezante jounen lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, bilan inondasyon ki frape Lwès Almay, pandan semèn ki sot pase a.

Inondasyon sa lakoz 165 moun mouri, selon nouvo bilan ki prezante maten lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, ak plizyè lòt disparèt. Pòt pawòl polis « Cobelence » lan Verna Scheuer, fè konnen se rejyon  » Rhénanie-Palatinat » ki plis touche kote ki gen 117 moun mouri ak 749 lòt blese.

Pilwen, responsab la deklare nan rejyon Nò « Westphali » gen 47 moun ki mouri se kantite kò yo dekouvri pandan wikenn lan.

Chanselye Angela Merkel, ki mande yon gran efò pou akselere ak politik klimatik la. Li bon pou nou di, gouvènman anonse plizyè pwogram pou kapab rekonstwi zòn ki kraze yo.

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …