RISI2018: MATCH ANT IRIGWE VS LARISI AN FINI (3-0) , IRIGWE FINI PREMYE NAN GROUP A AK 9 PWEN

Match Larisi vs Irigwe yan fini 3-0 nan avantaj Sid Ameriken yo nan Samara Arena gras ak yon gòl pou Luis Suárez nan 10′, yon gòl Cheryshev kont pròp kanl nan 23′, epi E. Cavani nan 90′.

Irigwe te Kanpe an 4-1-2-1-2 , poutan Larisi limenm te kanpe an 4-2-3-1.

CHANJMAN LARISI :

1) M. Fernandes #2 ranplase D. Cheryshev nan 38′.
2) D. Kuzyaev #7 rantre nan plas Y. Gazinskiy nan 46′.
3) F. Smolov #10 ranplase A. Miranchuk nan 60′.

CHANJMAN IRIGWE :

1) G. De Arrescaeta ranplase R. Bentancur nan 63′.
2) C. Rodríguez #7 rantre nan plas N. Nandez nan 73′.
3) M. Gómez ranplase E. Cavani nan 90+3′.

CATON JONN :

1) Y. Gazinskiy (Larisi) nan 9′.
2) I.Smolnikov #23 (Larisi) nan 28′.
3) R. Bentancur (Irigwe) nan 59′.

KATON ROUJ :

1) I. Smolnikov (Larisi) nan 36′.

Fòmasyon Irigwe yan fini premye nan group A ak 9 pwen, Larisi fini dezyèm ak 6 pwen, Arabisawoudit twazyèm ak 3 pwen, epi Egip fini ak 0 pwen.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …