AYITI/ EDIKASYON :  » PREMYE JOUNEN EGZAMEN YO REYISI NAN DEPATMAN NIP », DAPRÈ DIREKTÈ DEPATMANTAL NIP LAN ODEL JOSEPH.

Premye jounen egzamen ofisyèl nevyèm ane , lekòl nòmal enstitè ( ENI) ak sant edikasyon familyal (CEF) yo reyisi, daprè otorite depatmantal edikasyon Nip yo.

« Sou total 6 108 kandida ki te enskri nan egzamen ofisyèl klas nevyèm yo gen 5 980 ki te prezan nan sal yo 128 te absan », Daprè deklarasyon direktè depatmantal ministè edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl Nip lan Odel Joseph.

Kèk nan kandida, Echo Jounal, rive poze kesyon fè konnen yo te byen konpoze nan premye jounen egzamen an, pandan yo fè konnen yo ap rete tann de (2) lòt jounen yo ki se madi ak mèkredi kim ap vini la.

Nou ap siyale, sou teritwa nasyonal pou egzamen ofisyèl akademik (2020- 2021), se yon total 189, 568 kandida ministè edikasyon nasyonal fòmasyon pwofesyonèl tap rete tann.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …