AYITI /ASASINA: FANMI PREZIDANSYÈL LA DI YO PA BEZWEN LAJAN NAN MEN LETA AYISYEN POU ÒGANIZE FINERAY ANSYEN CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Nan yon nòt biwo premye dam repiblik la Martine Moïse, mete deyò lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, pou anonse ak pèp la ke yo pa bezwen lajan nan men Leta Ayisyen pou chante antèman ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ki te asasinen lakay li sòti sis (6) pou rive sèt (7) jiyè 2021 an, nan Pèleren senk (5) komin Petyonvil.

Nan nòt sa a, madanm defen an ki prezante gratitid li bay popilasyon an ki pran anpil lapèn epi solidarite yo te pote nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse, sipò moral sa yo te ede fanmi prezidansyèl la kenbe fas ak lanmò sa a.

Nan menm okazyon sa, biwo premye dam lan ki pwofite enfòme popilasyon an fanmi prezidansyèl la swete se sèl yo menm ki pou depanse lajan nan fineray ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, yo pa bezwen lajan nan men Leta ayisyen pou òganize fineray la.

Pou fini, biwo premye dam lan ki raple desizyon pou pa pran lajan nan men Leta pou fineray la pap retire anyen nan karaktè ofisyèl ak nasyonal fineray la, sa ke prezidan Jovenel Moïse gen dwa nan respè, dinite ak onè yon chèf Leta.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …