LEMOND/ARESTASYON :LAPOLIS NAN PEYI ANGLETÈ METE ANBA KÒD YON JWÈ EVERTON

Lapolis nan peyi Angletè mete anba kòd yon jwè Everton pou abi seksyèl sou minè. Sa ki lakoz klèb la tou sankyone jwè a pandan yo ekate l nan gwoup la. Sepandan, klèb la pa di ki non jwè ki enplike nan eskandal seksyèl sa._

Daprè plizyè medya anglè, akize a gen 31 lane sou tèt li. E anndan klèb la, se de jwè sèlman ki gen laj sa : Fabian Delph ak Gylfi Sigurõsson.

Everton bò kote pa l pa pran tan pou sankyone jwè a nan yon kominike klèb la mete deyò lendi 19 jiyè a. » Klèb la ap kontinye soutni otorite Lapolis yo nan ankèt yo ap mennen e nou p ap fè okenn deklarasyon », ekri nan kominike a.

Alòske klèb la poko fè okenn deklarasyon ofisyèl, gen anpil medya, bò kote pa yo ki gentan lonje dwèt sou foutbolè islandè a, Gylfi Sigurõsson kòmkwa se li ki koupab nan sa ki pase a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …