AYITI/ASASINA: ANSYEN PREZIDAN MICHEL JOSEPH MARTELLY MANDE JISTIS POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE

_Michel Joseph Martelly, nan yon twit li fè madi 21 jiyè 2021 an, mande jistis pou ansyen prezidan prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021._

« Yon lyon pa janm mouri, se domi li ap domi », ekri sou kont twitè ansyen chèf Leta a, Michel Joseph Martelly.

Moun ki te prezante pèp la Jovenel Moïse a, Michel Joseph Martelly, pi lwen, mande jistis pou ansyen patwon agritans lan. « #Jistis pou Jovenel. Batay la pap kanpe », Michel Joseph Martelly.

Se ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ki te chwazi Jovenel Moïse, kandida PHTK pou pòs prezidan, bay pèp la nan dènye eleksyon prezidansyèl yo nan lane 2015.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …