AYITI/ ELEKSYON: KEP A PWOLONJE DAT ANREJISTREMAN PATI  POLITIK YO.

Nan yon nòt pou laprès Konsèy elektoral pwovizwa mete deyò mèkredi 21 jiyè 2021 an, fè konnen gen yon santèn pati politik ki di yo enterèse pou patisipe nan eleksyon yo ki ap gen pou fèt nan peyi a.

Konsèy elektoral pwovizwa (KEP), deside pwolonje dat anrejistreman ak konfimasyon pati politik yo pou vandredi trant (30) jiyè 2021 an, desizyon sa vini akoz plizyè jou ki te rate nan kad pwosesis anrejistreman ak konfimasyon pati yo, daprè nòt pou laprès konsèy elektoral la.

Boutofen, konsèy elektoral pwovizwa di li gen menm volonte a ak menm detèminasyon an pou akonpli misyon li nan tout endepandans, kredi ak transparans.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …