FEDERASYON AYISYEN PITI AK MWAYEN ANTREPRIZ (FHAPME) KONDANE ASASINAY KI FÈT SOU JOVENEL MOÏSE 

Nan yon nòt pou laprès FHAPME mete deyò, li fè konnen li kondane zak asasinay ki fèt sou Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021._

« FHAPME kondane san rezèv zak baba sa ki konsidere kòm youn nan pi gwo trajedi peyi a pa te janm konnen », ekri nan nòt la.

Daprè FHAPME, chèf Leta tonbe sou chan batay nan moman li te lanse nan yon veritab batay pou te amelyore kondisyon sosyo ekonomik popilasyon an.

« FHAPME ap toujou sonje bon moman yo, diskisyon ki pote fri ak eksperyans travay pataje ansanm an favè sektè komèsyal ayisyen an », .

Pou fini, FHAPME prezante senpati li bay fanmi prezidansyèl la ak tout pèp ayisyen pandan li egzije adopsyon tout mezi nesesè pou limyè ka fèt sou dosye a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …