AYITI/POLITIK: SOFIA LOREUS ENSTALE NAN TÈT MINISTÈ KONDISYON FANM NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Sofia LOREUS, enstale nan tèt ministè kondisyon fanm ak dwa fanm jounen mèkredi 21 jiyè 2021 an devan je anpil gwo tèt nan ministè a, zanmi, fanmi pou site sila yo.

LOREUS ki se yon pitit ministè a, ki soti nan pòs direktris jeneral pou moute minis, pwomèt li pral travay ak tout moun san eksepsyon, li te tou pwofite remèsye premye minis la, Ariel Henry ki fè chwa de li pou vin dirije.

Nouvèl minis lan fè konnen li pral pran an chaj kondisyon anplwaye yo nan ministè a ki selon li merite yon pi bon tretman nan travay yo, li anonse li pral mete kanpe yon sant apèl kap pèmèt medam yo fè dòleyans yo san pas pouki kote tout moun ladann.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …