Endividi ak gwo zam ki te kidnape dimanch dizuit (18) jiyè 2021 an, Dawelson Thomas ak Jean Louis Kenlie jwenn liberasyon yo jedi ven de (22) jiyè a.
Selon enfòmasyon yo, nan yon premye tan kidnapè yo te mande san senkant mil (150000) dola ameriken, men aprè negosiyasyon ak fanmi ak ravisè yo peye yon milyon (1 000000) goud pou te kapab jwenn liberasyon jèn sa yo.
Nou ap siyale, nan de (2) mwa vil Ench deja anrejistre senk (5) ka kidnapin anba je otorite lapolis ak lajistis ki pa di anyen.
Dieuva Occidor
Kredi foto:ra,tele vision 2000