PREMYE MINIS ARIEL HENRY ENSTALE MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA NAN PEYI DAYITI

_Minis jistis ak sekirite piblik la, Rockfeller Vincent rekondwi nan pòs li. E li reyenstale 20 jiyè a 2021 an nan tèt ministè a, daprè yon kominike pou laprès biwo kominikasyon ministè a mete deyò._

« Nouvo premye minis, doktè Ariel Henry enstale 20 jiyè nan apremidi minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Rockfeller Vincent nan lokal ministè a an prezans yon pakèt kad nan primati ; nan ministè jistis la menm; direktè jeneral ULCC ak yon pakèt lòt ankò », ekri nan kominike pou laprès la.

Daprè kominike pou laprès la, minis la ki te okipe fonksyon an deja renouvle detèminasyon li pou goumen kont pwoliferasyon gang yo, detansyon prevantiv pwolonje ak ensekirite fonsyè.

« Anba lidèchip premye minis la, minis jistis ak sekirite piblik la angaje l , patiklyèman, pou mete toutennèv pou prezidan Jovenel Moïse ka jwenn jistis nan kad ankèt k ap mennen sou sikonstans ansyen chèf Leta a te asasinen nan pèleren 5 », li nan kominike a.

Yon lòt kote, minis Vincent vle rasire opinyon nasyonal ak entènasyonal l ap mete bon jan kondisyon favorab pou eleksyon lib ak demokratik kapab reyalize nan peyi a pandan l ap akonpanye KEP a, pou sa ki konsène ministè a.

Minis jistis ak sekirite piblik la rekonèt tach k ap tann li a difisil anpil, men li pwomèt l ap fè tout jefò posib pou aparèy jistis la vin pi aksesib ak pi efikas pou sekirite kapab renye nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …