AYITI/ ASASINA: DIVÈS ÒGANIZASYON FANM KONDANE ZAK ASASINAY ANSYEN CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Òganizasyon fanm ,ki nan tout dis (10) depatman peyi a, kondane ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel lakay li nan Pèleren senk (5), nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an. Òganizasyon fanm sa yo, voye senpati bay fanmi, madanm li Martine Moise, ak pitit li yo, zanmi Jovenel Moïse ak tout pèp la.

Daprè òganizasyon fanm yo, asasina Jovenel Moïse, se yon kou san parèy, se yon wont pou pèp la, nan moman kote tout peyi nan mond lan ap pale de pwogrè ki fèt nan demokrasi. Zak sila ki diminye pèp la ki gen 217 lane depi nou te pran endepandans nou, kote demokrasi ak van lespwa te dwe ap boujonnen lakay pèp la.

 » se tout espwa yon nasyon ki tonbe nan dlo, patikilyèman, rèv ak enterè fanm yo pou entegre espas kote gwo desizyon ap pran », daprè sa yo ekri nan nòt la. Pilwen òganizasyon fanm yo, ki fè konnen ansyen prezidan Jovenel Moïse te montre aklè espwa pou fanm yo nan pwojè konstitisyon li an kote li te kite 35 syèj pou fanm yo ak kota 50% nan administrasyon piblik la.

Lis òganizasyon fanm ki siyen nòt sa a se :

– Marie Carme Sineas ( MOFAM) depatman Nip.

– Marie Roselore Aubourg (MOFEDGA) depatman Grandans.

– Viergelie Ursaint Madan sara Grandans.

– Tania Jean Pierre kòdonatris (COFEHAPS)

– Germine Louis, Asosiyasyon fanm solidè Dam Mari, depatman Grandans

– Maguy Jocelyn ( KOFASID), depatman Sid.

– Fabienne Macillon ( FAC) depatman Sid

– Johanne Bazile ( COFESJ) depatman Nò.

– Ann Raïna Cynthia ( REFANO) depatman Nòdwès.

– Josenie Jean ( KOFANE) depatman Nòdès.

– Yoldie Pierre ( UFL) depatman Sant.

– Marie Ganette Galiotte ( RAFADEG) depatman Lwès.

– Magalie Antoine ( MOFVF) depatman Lwès.

– Betty Vivianne Jacques ( MOFFADEV) depatman Lwès.

– Délivrance St-Thomas, (Asosiyasyon fanm an aksyon pou devlopman ak defans dwa timoun ) pou depatman Grandans.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …