LEMOND/ MOVETAN: 76 MOUN MOURI INONDE NAN PEYI END.

Gwo lapli ki tonbe pandan 3 jou nan peyi End, inonde rejyon Lwès peyi lakoz 76 moun mouri ak plizyè dizèn lòt disparèt daprè bilan otorite yo prezante maten samdi 24 jiyè 2021 an.

Movetan sa ki frape End lan, lakoz plizyè deboulonnay tè ak inondasyon ki lakoz 76 moun mouri nan Lwès peyi End. 59 lòt disparèt, selon presizyon gouvènman Leta « Maharastra ».

 » 43 moun mouri nan 3 deboulonnay tè nan 3 zòn. Operasyon sekou yo ap kontinye », daprè deklarasyon Sagar Pathak fè ak jounal Ajans Frans Près (AFP), ki se responsab jesyon katastwòf nan rejyon  » Raigad » ki nan Sud kapital la « Bombay ».

2 lòt moun mouri ak yon kenzèn lòt disparèt nan deboulonnay tè nan zòn « Satara », daprè pòt pawòl gouvènman Leta  » Maharastra » Anirudha Ashtaputre, ki presize sekouris kontinye ap chache lòt moun viktim.

Chèf gouvènman « Maharastra », Uddhav Thackeray, fè konnen sèvis sekouris ak ijans yo ap kontinye malgre gen kèk zòn ki toujou rete konplike.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …