AYITI/ EDIKASYON: YON TOTAL 124 677 KANDIDA KI PRAL KONPOZE NAN EGZAMEN FILO YO.

Tout bagay deja prè pou dewoulman egzamen ofisyèl klas filo yo pou ane akademik 2020- 2021 an, daprè yon kominike ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò.

Daprè nòt ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), fè konnen gen gen 15 885 kandida pou filo ak 108 792 kandida pou nouvo segondè 4 (S4). Sa ki bay yon total 112 606 kandida nouvo kandida ak 12 071 rekale.

Ministè a ki raple bak tout kandida yo ke yo entèdi pou yo itilize telefòn nan sant egzamen yo ak pote kachnen (mas) se yon obligasyon. Nap siyale, jounen lendi 26 jiyè 2021 an, kandida filo yo ap konpoze nan egzamen Filozofi ak Biyoloji epi kandida segondè 4 yo ap konpoze nan Filozofi ak Chimi.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …