ASASINA JOVENEL MOÏSE : JIJ WINDELLE COQ THÉLOT PA KA KITE PEYI A

Apre manda komisè gouvènman an, Bed-Ford Claude mete dèyè li pou arete li nan kad ankèt k ap mennen sou asasina Jovenel Moïse la, chèf pakè Pòtoprens lan fè konnen jij Windelle Coq Thélot gen entèdiksyon pou pa kite peyi a._

Mèt Claude pa swete jij Windelle Coq Thélot fè wonn pòt san li pa mennen l devan lajistis. Daprè komisè gouvènman an, yo akize jij la prezonpsyon grav nan asasina ansyen prezidan repiblik Jovenel Moïse.

Bed-Ford Claude mande responsab imigrasyon ak emigrasyon pou pase tout enstriksyon pou anpeche madam Windelle Coq Thélot kite peyi a.

Kod penal ayisyen an e nan atik 240 la, daprè Bed-Ford Claude, pini akizasyon jij Windelle Coq Thélot gen sou do li yo.

Kominisè gouvènman Pòtopens lan, mèt Bed-Ford Claude, bò kote pa lap rapousib ankèt lap mennen sou dosye asasina Jovenel Moïse la.

kominisè gouvènman an, nan sans sa, mete yon manda « d’amener » dèyè jij Windelle Coq Thélot.

Asasina, « vol à main armée », se kèk akizasyon jij Windelle Coq Thélot gen sou dol nan manda kominisè gouvènman an lanse dèyè li.

Lapolis Nasyonal Dayiti bò kote l lanse yon avi rechèch dèyè jij la tou. » Asasina, « vol à main armée ak tantativ asasina », se 3 enfraksyon sa yo Lapolis Nasyonal Dayiti mansyone yo genyen nan afich avi rechèch yo genyen kont jij Windelle Coq Thélot a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …