» *SE PREZANS MWEN KI TE ENPÒTAN NAN ANTÈMAN JOVENEL MOÏSE LA SE PA TE SOULYE A », SHABA* .

Chantè gwoup mizikal Ekip la, Shabba, reyaji sou kont Instagram li lendi 26 jiyè 2021 an apre yon pakèt moun sou rezo sosyal yo tap kritike li pou soulye  ki te gen pousyè nan antèman ansyen chèf Leta peyi a, Jovenel Moïse_ .

Alòske, kontrèman ak yon pakèt lòt atis, Shabba te chwazi ale rann Jovenel Moïse yon dènye omaj jou li tap antere a, gen yon pakèt entènòt ayisyen ki kritike ansyen chantè Djakout la paske soulye li te gen pousyè.

Yon pakèt kritik ki lakoz Shabba reyaji kote li moutre foto soulye li ki te byen bèl anvan li te rive nan antèman Jovenel Moïse.

 » Nou toujou bezwen blaze moun menm lè nou wè verite a devan je nou. Kote antèman tap fèt la te gen anpil pousyè », replike Shabba nan lide pou reponn ak moun ki tap kritike yo.

Moun nan gran Nò menm jan ak Jovenel Moïse, Shabba fè konnen se te prezans li ki te enpòtan se pa te soulye a. »Se prezans mwen ki te enpòtan nan antèman Jovenel Moïse se pa t soulye a ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …