AYITI/ KILTI: ABITAN NAN KOMIN ANSAVO FETE PATWÒN YO GRANN SENTÀN  » SAINT ANNE ».

Abitan nan komin Ansavo, selebre jounen lendi 26 jiyè 2021 an, patwòn vil la Sentàn « Saint Anne ». Nan okazyon an yon mès aksyon gras selebre an prezans manm komisyon minisipal Ansavo a, delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard ak plizyè lòt gwo chabrak nan Leta epi pèsonalite piblik nan peyi a.

Pandan omeli a, monseyè Pierre Andre Dumas, ki raple ak tout pitit grann Sentàn « Saint Anne » yo, jounen lendi 26 jiyè 2021 an make ouvèti ane jibilè Sentàn  » Saint Anne » ak 300 lane fondasyon vil Ansavo. Monseyè Andre Dumas, ki mande linite, pataj, lanmou pou devlope nan kè tout pitit komin Ansavo yo, pou kapab travay pou pwosperite vil la.

Delege depatman Nip lan, Morel Esperance Berard, fè konnen 300 lane fondasyon vil Ansavo a selebre nan yon kontèks difisil aprè zak asasinay sou ansyen chèf Leta Jovenel Moïse kite ap parenn 300 lane a, pandan li fè konnen li pral travay pou fè respekte pwomès defen prezidan te fè ak moun yo tankou dlo, kouran ak wout.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …