LEMOND/ DIPLOMATIK: PEYI KIBA DENONSE ATAK AK KÒKTAY MOLOTÒV KI FÈT SOU ANBASAD YO NAN PEYI LAFRANS.

Otorite nan peyi Kiba yo, denonse lendi 26 jiyè 2021 an, atak teworis ki fèt sou anbasad kiba nan peyi Lafrans ki twouve li  nan kenzyèm awondisman vil Pari.

Peyi Kiba, denonse yon atak teworis ak kòktay molotòv ki fèt sou anbasad Kiba nan vil Pari epi akize peyi Etazini responsab nan atak sa a.  » nou denonse atak teworis ak kòktay molotòv kont anbasad nou nan vil Pari », nou endinye daprè minis afè etranjè Kiba Bruno Rodríguez, pibliye sou kont Twitè li.

 » mwen rann responsab gouvènman ameriken atak sa a, se yon seri kanpay vyolans sekretè Leta ameriken an Antony Blinken kont peyi Kiba, epi ki jwenn sipò yon seri peyi nan zòn lan pou kontinye ak seri presyon li yo », deklarasyon minis afè etranjè Kiba Bruno Rodríguez, nan yon lòt Twit  lendi 26 jiyè 2021 an.

Pakè vil Pari ki te nan konsta legal yo, fè konnen dega yo minim epi anonse ouvèti yon ankèt sou sak pase a jounen madi 27 jiyè 2021 an.

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …