AYITI/ ASASINA : PLIZYÈ PRÈT NAN PEYI ITALI CHANTE YON MÈS NAN MEMWA ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE

Plizyè prèt nan peyi Itali espesyalman nan eta vatikan sou òdonans pap François chante yon gwo mès jounen madi 27 jiyè 2021 an nan memwa ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lide pou mande jistis pou prezidan an ki asasinen nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Nan mesaj de sikonstans prèt katolik la te preche pandan mès la li prezante ansyen chèf leta kòm moun ki te gen yon vizyon pou chanje peyi Dayiti, prèt la tou pwofite, pou li lanse mesaj de linite ak tèt ansanm nan mitan pèp Ayisyen an.

Nap raplew ansasen yo te touye prezidan an nan rezidans prive li ki nan pèleren 5 nan komin petyonvil.

Ronald Exavier

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …