TOKYO 2020 : YON BOKSÈ MAWOKEN FÈ TANTATIV POU LI KOLE DAN NAN ZÒRÈY ADVÈSÈ LI A

Boksè mawoken Youness Baalla (-91 kg) diskalifye nan tounwa olenmpik kap fèt Tokyo yo. Nan yon batay ki te mete li menm anfas boksè Neyozelandè a David Nyika, boksè mawoken a fè tantativ pou modè advesè a nan youn nan zòrèy li._

Nan jwèt kap dewoule Tokyo yo, boksè mawoken an Youness Baalla( -91 kg) eseye, madi 27 jiyè 2021, kole dan nan youn nan zòrèy advesè li a, menm jan chanpyon ameriken an Mike Tyson te fè sa nan batay ki te mete li anfas Evander Holyfied nan lane 1997.

Rive nan twazyèm repriz la fas ak boksè Neyozelandè a David Nyika, espòtif 22 lane a apwoche bouch li, li louvri li nan zòrèy goch advèsè a pandan li kenbe li nan ponyèt, men David Nyika gentan bay jès la pase. Kout dan Mike Tyson nan li menm te reyisi.

Abit la ak senk (5) jij yo pa te wè sa nan moman aksyon an pase a. Se jis aprè òganizatè a notifye aksyon ilegal boksè mawoken an kote yo fè konnen li te gentan gen entansyon mòde advèsè li a vrèman. Pou aksyon « entelorab » sa, kominite CIO kap jere bòks la mete Youness Baalla deyò nan konpetisyon an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …