AYITI/ DIPLOMATIK : ANVWAYE ETAZINI NAN PEYI A DANIEL FOOTE METE FEN AK VIRE WON LI NAN PEYI A.

Anvwaye espesyal ameriken Daniel Foote, mete fen nan vire won li nan peyi a lendi 26 jiyè 2021 an, diplomat la ki te chita pale pandan pasaj li nan peyi a li te rankontre ak divès moun nan peyi a tankou premye minis Ariel Henry, prezidan Sena Joseph Lambert, minis afè etranjè a, Claude Joseph, minis jistis la, Rockfeller Vincent, Direktè pou ti tan polis la, Léon Charles, kèk manm nan sosyete sivil la.

Kòdonatè pati politik Ayiti an aksyon an ( AAA), Youry Latortue, ki fè konnen diplomat Daniel Foote chita pale ak senatè Joseph Lambert, ki se moun akò politik la te chwazi kòm prezidan. Ansyen palmantè Latibonit la, ki di li ap rete tann rapò ameriken sou sitiyasyon kriz la nan peyi a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …