AYITI/ ASASINA : POU PI PITI 40 AJAN USGPN KOURI KITE PEYI A APRÈ ASASINAY ANSYEN CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Pou pi piti 40 ajan inite sekirite jeneral prezidansyèl (USGPN), deja kouri kite peyi a daprè direktè egzekitif rezo nasyonal kap defann dwa moun lan Pierre Esperance, ki pwofite pote esplikasyon sou le fèt ke òganizasyon dwa moun yo poko kapab mete yon rapò sou zak asasinay la akoz òganis dwa moun yo pagen aksè ak enfòmasyon.

Sou bò pa li, ko direktè egzekitif defansè plis la Anthonal Mortimé, denonse lèse grennen ki gen nan ankèt kap mennen sou zak asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, 20 jou aprè anyen poko parèt klè sou zak sa a. Defansè dwa moun lan, ki fè konnen kolektif defansè plis deja fè sòti 2 kòrespondans sou asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …