DOSYE JOVENEL MOÏSE : FBI DEBAKE LAKAY WALTER VEINTEMILA NAN PEYI ETAZINI

FBI debake lakay Walter Veintemila nan lokalite Weston ki chita kòl nan vil Florid, peyi Etazini madi 27 jiyè 2021. Daprè anketè FBI yo, sitwayen sa ki se mèt yon antrepriz ki rele  » Woldridge Capital Lending Group », ta patisipe nan bay Christian Emmanuel Sanon bourad finansyèman nan kad asasinay Jovenel Moïse la._

FBI ap ankete pou konnen ki men ki kache dèyè zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse. Daprè ajan FBI yo, sitwayen Walter Veintemila, atravè konpayi li ki rele  » Woldridge Capital Lending Group » ta bay Christian Emmanuel Sanon lajan nan kad operasyon ki te abouti ak lanmò Jovenel Moïse la.

Lapolis Nasyonal Dayiti te gentan mete Christian Emmanuel Sanon anba kòd depi anvan FBI te fè revelasyon sa.

Kit se nan nivo nasyonal osnon entènasyonal, ankèt k 8ap mennen sou asasina ansyen patwon agritans la kontinye ap vanse.

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …