LEMOND /KOVID-19: ANVIWON 600 MILYON TIMOUN TOUJOU PA ALE LEKÒL NAN MOND LAN.

Nan yon nòt fronds des nations unies pour l’enfance ( UNICEF) mete deyò madi 27 jiyè 2021 an, selon konsta òganizasyon entènasyonal gen anviwon 600 milyon timoun ki toujou nan gwo difikilte pou ale lekòl akoz pandemi kovid-19 lan kap ravaje mond lan.

Òganizasyon ki ap defann timoun yo mande ak enstans ki konsène yo, pou yo pa tann se lè timoun yo ak pwofesè vaksinen pou yo relouvri lekòl yo, sitou lekòl ki pat travay depi lè yo te dekouvri maladi sa.

Daprè UNICEF se vyolans ak gwosès ki ranplase edikasyon, sekirite ak zanmi timoun yo, òganis lan kontinye pou li di gen mwaye nan peyi  ki nan Azi ak Pasifik la lekòl yo rete fèmen plis pase 200 jou, nan Amerik la ak Karayib la gen anviwon 18 peyi ak tèritwa lekòl yo gen anviwon 19 mwa pòt lekòl yo toujou rete fèmen.

UNICEF fè konnen mwayen ki pi fasil pou fè timoun yo retounen lekòl la byen rapid se mete yon bout ak pandemi an, toujou nòt la kap pale, li mande ak donatè yo anviwon 659 milyon dola ameriken pou ede peyi ki touche anba pandemi an distriye vaksen ak kèk lòt materyèl ankò pou konbat maladi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …