_Premye minis ,doktè Ariel Henry prezide premye konsèy minis li mèkredi 28 jiyè 2021 an. Daprè sa primati a fè konnen, premye konsèy minis sa te chita sou finans piblik ak mezi ki dwe adopte pou byennèt popilasyon an._
Doktè Ariel Henry nan tèt gouvènman an depi yon semèn. Chèf primati a dirije premye konsèy minis li nan sa ki gen pou wè ak » vizyon global gouvènman pandan peryòd enterimè a ».
Daprè sa primati a fè konnen, konsèy minis sa te reyalize sou sa ki gen pou wè ak koze sityasyon finans piblik la epi mezi ijan ki dwe adopte pou byennèt popilasyon an.
Jackson junior Rinvil