AYITI/ POLITIK :MADANN JOVENEL MOÏSE AK TOUT PITIT LI TOUNEN NAN PEYI ETAZINI.

Ansyèn premye dam peyi a, Martine Moïse ak tout pitit li yo kite jounen mèkredi 28 jiyè 2021 an, peyi Dayiti pou rann yo nan eta Florid, daprè enfòmasyon yo.

Enfòmasyon yo, fè konnen ansyen madanm Jovenel Moïse , kite peyi a pou kapab al fè swivi lopital akoz li te viktim nan asasinay mari li Jovenel Moïse nan 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren 5, komin Petyonvil.

Nou ap siyale, jiska prezan ankèt sou asasinay ansyen chèf Leta ap vire touwon aprè 21 jou zak la, anpil gwo kesyon deja kòmanse poze pou konnen èske madanm Martine Moïse, te deja al bay direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) enfòmasyon sou zak asasinay mari li.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …