AYITI/ JISTIS: BAWO PÒTOPRENS KONTINYE AP REKLAME JISTIS POU MÈT DORVAL.

Bawo Pòtoprens kontinye ap mande jistis pou ansyen batonye bawo Pòtoprens lan, mèt Monferrier Dorval ki te asasinen 28 Dawout 2020 an, devan lakay li nan Pèleren.

Manm lòd bawo Pòtoprens lan, mèt Patrick Pierre Louis, denonse volonte lajistis pa genyen pou fè limyè sou zak asasinay ansyen batonye Dorval 11 mwa aprè depi zak la. Mèt Patrick Pierre Louis, ki denonse komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Bedford Claude ki bloke avansman ankèt la.

Òm la lwa, ki di bawo Pòtoprens pa antann bay vag nan kad batay k ap mennen pou limyè kapab fèt sou asasinay mèt Dorval la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …