LEMOND/ ENSIDAN: 5 MOUN DISPARÈT AK PLIZYÈ LÒT MOURI APRÈ YON GWO DIFE KI EKLATE LWÈS PEYI ALMAY.

Yon gwo dife ki eklate jounen madi 27 jiyè 2021 an, nan yon izin endistriyèl  » Currenta » ki twouve li nan Lwès peyi Almay, bilan yo katastwòf selon eleman enfòmasyon yo.

Nan kad yon konferans pou laprès pwopriyetè gwoup  » Currenta », Frank Hyldmar, fè konnen te gen plizyè anplwaye ki t ap travay nan izin lan ki disparèt anba flanm dife. Pilwen, li fè konnen gen 31 lòt kite nan anviwonman izin lan ki sòti blese nan gwo dife sa a.

Pwopriyetè izin gwoup  » Currenta » Frank Hyldmar, pwomèt li pral travay pou kapab bay esplikasyon sou kisa ki ta lakoz gwo dife sa a nan izin lan ki lakoz lanmò plizyè anplwaye ak blese plizyè lòt.

Dieuva Occidor

Kredi foto:Afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …