AYITI /POLITIK : SENATÈ PATRICE DUMOND KALIFYE DEMACH SENATÈ JOSEPH LAMBERT AP FÈ ILEGAL POU LI TA VIN PREZIDAN PEYI A.

Senatè Patrice DUMOND se youn nan 10 senatè ki rete nan Sena deklare nan yon emisyon li tap patisipe nan kapital la, li fè konnen tout demach prezidan tirès Sena a ap mennen pou li ta pran tèt peyi a se yon demanch ilegal paske lalwa pa bay tirès Sena pwovizyon legal pou li pran okenn rezolisyon rezon an yo pa gen yon majorite pou yo fè seyans.

Daprè senatè lwès la Patrice DUMOND se yon konnsansis lajman laj pou nou jwenn pou nou soti peyi a nan kriz politik li twouve li depi anviwon 2 zan pwofesè inivèsite a kontinye pou li di se òganizasyon de baz yo, pati politik yo, sosye sivil la ki pou mete tèt yo ansanm pou yo jwenn yon solisyon nan kriz politik kap fini ak peyi a.

Yon lòt kote, sanatè a fè konnen se pou kominote entènasyonal la mete kò yo de kote pou yo kite pitit peyi a rezoud pwoblèm peyi ant pitit peyi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …