AYITI/ ASASINA : POU PI PITI 40 MOUN KI SISPÈK ARETE NAN LANMÒ ANSYEN PREZIDAN JOVENEL

Ankèt pou fè limyè sou zak asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ap vanse trè byen daprè otorite nan lapolis yo ki deja fouke 40 moun ki sispèk nan zak la.

Nan yon pwen pou laprès vandredi 30 jiyè 2021 an, pòt pawòl pou titan polis la Marie Michèle Verrier, fè konnen gen 44 moun pami yo 12 polisye ki arete nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse la.

Selon enspektris divizyonè Marie Michèle Verrier, kèk nan polisye ki arete yo ta gen enplikasyon dirèk nan asasinen ansyen chèf Leta e kèk lòt pou nivo responsabilite yo . epi, 4 nan polisye sa yo enplike nan zak la. Ajan sa yo te akonpanye kolonbyen yo jiska lakay prezidan pou yo te ka fè zak la.

Toujou daprè pòt pawòl pou titan polis la, enstitisyon polis la deja tande 46 moun, 9 polisye nan izolman ak 4 lòt yo pran mezi konsèvatwa kont yo. Pilwen, Marie Michèle Verrier, presize lapolis foute 14 kay nan peyi epi (FBI) fouye plizyè lòt tou nan peyi Etazini.

Pou fini, pòt pawòl Verrier, souliye Lapolis ap chache tankou chen fou ak balèn jij Wendelle Coq Thelot ki sispèk tou nan asasinen ansyen prezidan Jovenel Moïse.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …