SEKRETARYA JENERAL PRIMATI A MANDE POU TOUT ANSYEN PREMYE MINIS AK ANSYEN MANM KABINÈ POU REMÈT TOUT MATERYÈL LAPRIMATI YO GEN NAN MEN YO

Nan yon kominike sekretarya jeneral laprimati mete deyò vandredi 30 jiyè a, li mande pou tout ansyen premye minis ak ansyen manm kabinè remèt tout machin, materyèl ak ekipman primati yo gen nan men yo._

« Sekretarya jeneral laprimati enfòme piblik la an jeneral, e laprès an patikilye tout moun ki detantè byen primati, notamman ansyen premye minis ak ansyen manm kabinè dwe remèt touswit tout machin, ekipman ak materyèl enstitisyon an ki nan men yo san tit, san dwa ak san kalite », enfòme kominike a.

Sekretarya jeneral laprimati a fè konnen gen sèvis konpetan nan primati a ki enstwi pou pran san delè tout dispozisyon nesesè pou rekipere byen sa yo epi mete anba kòd kontrevenan yo kote yo gen lontan yo ap avèti yo sou sa ki ka rive yo.

Sekretarya jeneral laprimati egzòte konsène yo pou yo remèt rapidman machin, materyèl ak ekipman ki nan men yo a pi rapid posib nan sousi pou evite yo tonbe anba sanksyon lalwa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …