YON ANSYEN MVP SEZON REGILYE DEBAKE NAN LOS ANGELES LAKERS

Se ofisyèl. Los Angeles Lakers gen yon ansyen MVP nan ekip la. E se Russel Wesbrook. Nan lide pou al chache yon lòt kouwòn, Los Angeles Lakers « trade » 3 jwè ak plizyè tou » draft » pou yo kapab fè Russell Wesbrook vini._

Premye gwo « trade » nan mitan sezon 2021 an fèt. E jan sa t ap anonse pandan tout kòmansman semèn nan, se Los Angeles Lakers ki fè li.  Yo mete men sou Russell Wesbrook.

Nan lide pou li ale dèyè yon lòt bag, Lakers fòme yon »big three » majik avèk vini Russell Wesbrook la ki pral jwe kote LeBron James avèk Anthony Davis.

Wesbrook ki kite Washington pou li vin jwe nan Lakers, yon mouvman ki lakoz anpil kòmantè fèt nan monn NBA a. Daprè kòmantatè Fox sport a, Skip Bayless, LeBron James fè siyen Wesbrook pou li moutre Kevin Durant li menm, kontrèman ak li, li ka chanpyon ak Wesbrook.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:fb

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …