LEMOND/ KATASTWÒF: YON KOUT ZÈKLÈ TOUYE 113 MOUN AK 110 LÒT DISPARÈT NAN PEYI AFGANISTAN.

Gwo lapli ki tonbe nan lanwit mèkredi pou rive vandredi 30 jiyè 2021 an, nan peyi Afganistan fè gwo dega nan pwovens Nouristan ki twouvel nan Nòdès Afganistan.

Pòt pawòl ministè jesyon katastwòf Afganistan Tamim Azimi, fè konnen nan yon kout zèklè loray ki fèt nan lannwit mèkredi 28 pou louvri jedi 29 jiyè 2021 an, touye 113 moun, 110 lòt disparèt ak 173 kay detwi, 10 pon ak lòt dega anrejistre toujou, se bilan gwo lapli a, Tamim Azimi, ki presize seri dega sa yo anrejistre nan distri « Kamdesh », ki gen yon distans 200 kilomèt ak kapital peyi a Kaboul.

 » Zòn sa a anba kontwòl gwoup Taliban yo men nou pral voye yon ekip sekouris pou ale pote sipò bay moun yo », deklarasyon Tamim Azimi, ajoute seri operasyon rechèch moun ki disparèt yo ap pouswiv.

Yon lòt bò, pòt pawòl gouvènè pwovens Nouristan Saeed Momand, konfime jiska maten an se 113 moun ki mouri, 110 moun disparèt yo se pa chif egzat la. Li presize gen 11 kilomèt wout ki detwi.

Nou ap siyale, nan mwa dawout 2020, yon kout zèklè kite fèt nan vil « Charikar » te touye 100 moun. Selon etid ki fèt sou seri katastwòf natirèl ki frape peyi Afganistan yo, se ta akoz seri kay yo toujou mal konstwi, daprè sa otorite nan ministè jesyon katastwòf Afgan yo presize.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …