OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN  RAPLE OTORITE KONSÈNE YO ASASINA JOVENEL MOÏSE LA PA DWE RETE ENPINI

Nan yon nòt ofis pwoteksyon sitwayen (OPC) mete deyò 1 dawou 2021 an, li fè konnen lajistis peyi Dayiti dwe jwe wòl li, redore plazon li epi rann jistis ak fanmi prezidansyèl la. Sinon, yo dwe fè pwosè lajistis ayisyèn nan._

« OPC raple otorite konsène yo asasina Jovenel Moïse la pa dwe rete enpini. Fè limyè jayi sou krim inyòb sa, pouswiv epi sanksyone kòmanditè yo, otè entèlektyèl ak materyèl yo se yon obligasyon, » daprè nòt ofis pwoteksyon sitwayen an.

OPC fè konnen sa ki pase a ale pi lwen pase asasina prezidan Jovenel Moïse. » Se peyi a ki sibi yon afwon kote mèsene etranje rantre sou teritwa nasyonal la, san yo pa pè, vin touye yon chèf Leta lakay li. Okenn peyi sou planèt la p ap kosyone yon zak konsa. Pa gen okenn òganizasyon entènasyonal, nasyonal ou rejyonal ki dwe asepte diyite pèp ayisyen an pase anba pye konsa. Okenn sitwayen lisid pa dwe bat bravo pou souflèt sa peyi a pran an », ekri OPC.

Yon lòt kote, OPC rekòmande pakè Pòtoprens, patiklyèman Kominisè gouvènman Pòtoprens lan pou l pa entimidi, pou l pa pran nan presyon oubyen nan manèv delwayal yon pakèt endividi ki vle sabote ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la nan sousi pou ranfòse fenomèm ensekirite a an Ayiti ak fen inavwe e inavwab.

Pou fini, ofis pwoteksyon sitwayen mande premye minis Ariel Henry nan plas bèl diskou l yo pou l poze aksyon konkrè pito nan sousi pou fè avanse dosye asasina prezidan Jovenel Moïse la konfòmeman ak pwosedi penal la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …