Sispèsta kolonbyèn nan Shakira gen posibilite pou li ale nan prizon paske li bay fiks espanyòl manti . Jij enstriksyon an Esplugues de Llobregat voye Shakira devan tribinal nan vil Baselòn_ .
Chantèz, konpozitris ak entèprèt kolonbyèn nan, Shakira Isabel Mebarak Ripoll nan gwo difikilte avèk fiks espanyòl.
Manman pitit jwè espanyòl la, Gérard Piqué ta bay fiks espanyòl manti nan sans li te fè yo kwè li tap viv nan peyi « Bahamas » alòske an reyalite li t ap viv nan vil « Catalogne ».
Fiks espanyòl epengle entèprèt kolonbyèn nan pou koze « arriérés » enpo ant lane 2011 ak 2014. Daprè lajistis espanyòl, gen deli evazyon fiskal. Yo repwoche Shakira gen 14.5 milyon ewo ki te aladispozisyon li ki mal jere.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:AFP